BYEN KOURI BISIKLÈT / BYEN KONDI

BYEN KOURI BISIKLÈT

Ankouraje yon wout ki pi an sekirite yon trajè alafwa.

Kowalisyon bisiklèt la devwe nan sa ki gen pou wè ak sekirite pou tout moun k ap itilize wout ak santye atravè rejyon an. Malgre moun ki nan otomobil yo gen plis responsablite pou kenbe lari an sekirite, tout moun — menm moun ak bisiklèt yo — dwe suiv règ wout la epi asire pyeton yo, moun ki pi vilnerab k ap itilize wout yo, ka mache sou twotwa yo epi travèse lari a san danje.

Bike Nice/Drive Nice se kanpay edikasyon nou an, ki fè remake enpòtans pou suiv règ wout yo, epi fè konprann nou tout gen yon responsablite pou kenbe pyeton yo an sekirite. Lè w ap suiv lwa wout la, ou respekte lari a ak moun ki itilize l yo. Se poutèt sa nou kouri bisiklèt byen nan ri Philly yo ak sou santye rejyon an.

Instagram icon in Simple Small Style@biking4beginners

Kanpe nan limyè wouj men se pa nan pasaj pou pyeton an

Dapre Lwa Eta Pennsylvania a, tout règ moun ki nan machin yo sipoze suiv, moun ak bisiklèt yo sipoze suiv yo, kòmanse ak lwa ki pi fondamantal la: kanpe nan limyè wouj. Kanpe dèyè pasaj pou pyeton an se yon bagay ki fè pyeton k ap travèse yo plezi.

Itilize men w pou bay siyal

Itilize men w pou bay siyal ede lòt moun sou wout la — chofè, pyeton, ak lòt moun ak bisiklèt — konnen sa w ap fè lè w fè l. Menm jan machin yo itilize siyal, vire ak arè moun ak bisiklèt yo dwe previzib.

Kouri bisiklèt ou nan lari a, men se pa sou twotwa a

Si w gen 12 lane oswa pi piti, pa gen pwoblèm pou w kouri l sou twotwa a. Pou tout lòt moun, se yon bagay ilegal li ye.

Kouri bisiklèt ou nan menm sens ak sikilasyon an, se pa nan sens ki kontrè ak li

Fason ki pi an sekirite pou w kouri bisiklèt nan lari a se ak sikilasyon otomobil. Asire w ou toujou kouri nan menm sens ak sikilasyon an lè w sou yon bisiklèt. Sa a enpòtan sitou nan ri kwense Philadelphia yo ak sa ki pa gen enfrastrikti (wout) pou bisiklèt yo.

Mete limyè nan bisiklèt ou a pou ka wè

Bisiklèt yo dwe gen yon limyè blan devan ak yon reflektè wouj dèyè. Epitou yo trè, trè ankouraje pou mete yon limyè wouj dèyè. Siveye kado limyè bisiklèt n ap bay la nan sezon otòn lan, oswa achte limyè nan magazen bisiklèt lokal ou a.

Pran vwa a

Nan lari ki kwense kote moun k ap itilize otomobil yo pa gen 4 pye pou double w, li rekòmande pou w pran vwa a nèt pou w an sekirite. Se dwa w pou w fè sa tou.

Sèvi ak yon sonèt epi vwa ou pou kominike

Lalwa egzije w pou w gen yon sonèt sou bisiklèt ou a. Sonèt yo ede lòt moun sou wout la ak santye ki pataje yo konnen ki kote ou ye. Asosye santye w la ak vwa ou. Rele “m ap pase sou bò gòch ou a” se yon bagay espesyalman yo apresye sou santye an!

Kite kas (ekoutè) ou lakay ou

Menm jan ak otomobilis yo, moun ak bisiklèt yo ka pa mete kas (ekoutè) pandan y ap kouri bisiklèt yo.

Bike Nice

Drive Nice

Bike Nice

Drive Nice

Bike Nice

Drive Nice

Bike Nice

Drive Nice

Bike Nice

Drive Nice

BYEN KONDI

Bay bisiklèt yo 4 pye distans lè w ap pase bò kote yo

Lwa Pennsylvania di ou DWE bay siklis yo kat (4) pye distans lè w ap pase. Si ou pa ka bay kat (4) pye a, pa pase.

Verifye anvan ou louvri pòt machin ou pandan w nan sikilasyon an

Moun k ap kondui otomobil yo oswa pasaje yo dwe asire yo ka sòti san danje nan sikilasyon an mouvman an. Sa vle di, yo bezwen verifye anvan yo louvri pòt machin yo. Yo pote responsablite legal nan ensidan pòt.

Fè atansyon ak ang mò yo

Gade anlè zepòl ou lè w ap vire oswa lè w ap pakin pou w asire w pa gen okenn siklis oswa pyeton ki toupre a.

Sede pasaj bay pyeton yo ak moun ki sou bisiklèt yo

Moun ak bisiklèt yo oblije sede pasaj bay pyeton yo, epi otomobilis yo oblije sede pasaj bay moun ak bisiklèt yo. Li enpòtan pou tout moun suiv etikèt sa a pou yo pa deranje dwa pasaj yon moun.

Tèt leve, telefòn bese

Telefòn ka distrè ou pandan w sou wout la — menm si se yon machin w ap kondi oswa kouri yon bisiklèt.

Pa eseye boule limyè

Lè w boule limyè a, w ap mete yon fason potansyèl pyeton k ap eseye travèse lari a an danje. Li pi bon pou w senpleman rete tann limyè vèt la.

Pa klaksone

Lè ou klakson yon siklis oswa yon pyeton, w ap kreye yon bri ki fè moun lan sezi ki, an n onèt, pa ede pèsonn. Si w ap woule dèyè yon moun sou yon bisiklèt, pran pasyans epi tann jiskaske bon moman pou w double rive. W ap rive kote ou dwe ale a. Sèlman ale dousman, zanmi.

Share This